
PRKS: Pwojè Rebwazman ak Konsèvasyon Sòl se yon pwojè ki nouvo e ponkò gen pwojè ki gen dimansyon pwojè sa a. Nan pwojè rebwazman sa a, 75 pou san rive jiska 80 pou san nan bwa kap plante yo se fri tropikal ki pral sèvi non sèlman pou refè anviwonman an men tou pou bay popilasyon an manje ak lajan. Lè Kristòf Kolon te debake an Ayiti nan mwa Desanm 1492, plis pase 97 sou 100 zile a te kouvri ak gwo forè. Koulye a, avèk plis pase 97 pou san nan forè yo ki detwi, anpil kote nan peyi a vin tounen dezè. Sa vle di gen yon ijans pou tout sektè nan peyi a pote kole e kouri aji vit.
Ayiti Gouvènans santi li konsène anpil sou fason anviwonman peyi a e sitou depatman Nodwès la ap deteryore. Pou tèt sa, AG lanse Pwojè Rebwazman ak Konsèvasyon Sòl ki gen pou objektif pou kontre kare ak kesyon debwazman ak tout lòt bagay ki mache ak li tankou: ewozyon, inondasyon, sechrès, ak deteryorasyon anviwonman an. AG deja kòmanse plante anpil pye fwi tankou: mango, zaboka, zoranj, chadèk, sitwon, lakarye, mandarin, kokoye. Non sèlman fwi sa a ap pèmèt popilasyon an jwenn manje ak lajan, men tou y ap pwoteje tè yo ki se sous lavi ak sèl espwa pou moun k ap viv nan depatman Nòdwès. Epi tou, 25 sou 100 lòt plant yo se pou fè forè kapab gen bwa pou fè manje ak konstriksyon, Bwa sa yo se: chèn, kajou, bwa pen, pich pen, awokarya, sèd, gayak, tandakayo, kanpèch ansanm ak lòt pye bwa lokal pral sèvi pou rebwaze depatman an e peyi a. Pi gwo objektif pwojè rebwazman an se pou rive pwodwi yon kantite de 50,000 plant chak 3 mwa bay òganizasyon lokal yo, mouvman fanm ansanm ak asosyasyon lokal ki vle angaje nan efò pou rebwaze kominote yo. Efò rebwazman sa a kòmanse pran pye nan zòn Nan Dije, Vyetè, Bovwa (Jan-Rabèl), Mawouj, Lavatyè (Mòl Sen Nikola), Ti rivyè (Bède yèn) kote pepinyè kòmanse pwodwi plant pou pwojè a.
Pwojè Kiti Legim ak Danre
PKLD : Pwojè Kilti Legim se yon pwojè ke AG reyalize nan komin Mòlsennikola ak Bonbadopolis dwe ekzekite nan 3 seksyon kominal ki nan komin Mòl Sen Nikola. Ide ki dèyè pwojè se pou Ayiti gouvènans ede komin sa rezoud yon pati na pwoblèm grangou ki toujou a toupizi moun yo. Agwonòm AG dekouvri kapasite zòn sa yo genyen pou fè jaden legim ap pèmèt popilasyon jwenn legim pou manje ak vann nan mache. Gen plizyè seksyon kominal nan Janrabel ak Bèdeyèn k ap benefisye nan dezyèm faz pwojè sa. Lè pwojè sa yo fini reyalize jan AG prevwa l la, moun nan ba Nòdwès ap genyen legim pou yo manje ann abondans. Apre trannmantè 12 janvye a ki chanje tout babay ann Ayiti, AG deside pou l fèt kèk nan komin yo nan Wo Nòdwès (Ansafolè, senLwidinò, ak Chansòl benefisye tou. Klike isit la pou ou wè rezilta premye faz pwojè nan Komin Mòlsennikola ak Bonbadopolis nan ane 2008 -2009.
Pwojè ki nan wout
AG gen pwojè kap rete tann finansman pou yo kòmanse ak pwojè kap rete tann mo Biwo Ekzekitif òganizasyon an pou yo demare. Pami pwojè sa yo, nou ka site:
PREGOL-II : Pwojè pou Ranfòse ak Enkadreman Gouvènman ak Óganizasyon Lokal yo [PREGOL-II] dezyèm pati. PREGOL-II ap chèche pote ekipman teknolojik bay lòt 6 komin nan Depatman Nòdwès la (Latòti, Ansafolè, Basenble, Pòdepè, Senlwidinò, ak Chansòm). 6 Komin sa yo gen pou resevwa menm ekipman ke AG te deja distribye nan Komin Jan-Rabèl, Bonbadopolis, Bè de En, ak Mòl Sen Nikola. PREGOL-II gen tou pou li bay KASEK nan 23 seksyon kominal ki nan 6 komin Wo Nòdwès yo founiti pou biwo k ap pèmèt yo gen mwayen pou kominike ak lòt administrasyon san gran difikilte. Lòt faz nan pwojè sa a, sitwayen ki eli yo ansanm ak lidè kominotè yo ap gen pou resevwa fòmasyon ak nan domèn sa yo:
