Paj Akèy Prezantasyon Pwogram Pwojè Albòm Foto Kontakte nou
Français
English
Ayiti Gouvènans: "Ede Kominote yo ede tèt yo"
Sitadèl Ayiti

 

Yon Mechan Tranblemanntè Ratibwaze Pòtoprens Jou 12 Janvye 2010

Gwo tranblemanntè ki mezire 7.0 sou nechèl Richter, devaste Pòtoprens ak tout vil ki antoure l yo. Li fè anpil domaj nan Leyogan, Tigwav ak Lagonav. Tranblemann sa a, se katastwòf ki fè plis domaj materiel e touye plis moun nan istwa kontinan amerik la. Plis pase 200 000 moun mouri, 300 000 blese, 1 500 000 moun ap dòmi nan lari (dapre premye minis Jean Max Bellerive) pandan 45 segonn. Pi fò ayisyen pat okouran de yon bagay konsa te ka fèt nan Pòtoprens, savan ayisyen ki gen anpil konesans nan jeyoloji anonse gouvènman ayisyen ke gen yon tranblemanntè ki pare pou l rive nan Pòtoprens.

Kòm egzanp, men yon atik Phoenix Delacroix ekri nan jounal «Le Matin» jou ki te 25 septanm nan ane 2008 lan. Pou ou kapab konnen plis, klike isit la...

Kat ki montre zòn tranblemanntè abitye pase nan nò Karayib la

Dat tranblemanntè ak siklòn ann Ayiti

Se byen malere sosyete ayisyèn lan pa janm bay tèt li mwayen pou fè rechèch syantifik ak pran tout mezi ki nesesè pou diminye dega katastwòf natirèl  sa yo ka fè nan peyi nou an. Men lè lekòl ak inivèsite ann Ayiti pat janm fè nasyon konnen ke Ayiti chita sou yon seri frakti anba sòl li ki ka kò tranblemannté a nenpòt moman, gen enfòmasyon ak tout dat kote tranbklemanntè ak siklòn te ratibwaze plizyè zòn nan peyi a.

Soti nan ane 1751 pou rive nan 2010, 19 gwo inondasyon, 16 mechansiklòn, 8 tranblemanntè ak 2 gwo tanpèt twopical toupizi Ayiti. Katastwòf sa fè anpil dega: moun mouri, moun disparèt, kay kraze ou fraktire, moun yo pèdi tout sa yon posede, elt. Men yon lis konplèt de kalamite ki ravaje peyi Ayiti pandan 260 ane.

Si ou vle konnen plis enfòmasyon sou katastwòf sa yo, klike isit la...

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
****19 Rue Godefroy, Delmas 33, Haiti (W.I.) Téléphone: 509-3600-1795**** © Ayiti Gouvènans