Paj Akèy Prezantasyon Pwogram Pwojè Albòm Foto Kontakte nou
Français
English
Ayiti Gouvènans: "Ede Kominote yo ede tèt yo"
Sitadèl Ayiti

 

Apre yon pakèt lane refleksyon ak rechèch sou kòz lavi difisil pèp Ayisyen ap viv depi lontan, Ayiti Gouvènans (AG) rive konprann ke pwoblèm sa yo mande aksyon rapid avan pita vin pi tris. AG mete sou pye yon apwòch patisipasyon entegral (APE) kap ede sektè piblik la ak òganizasyon nasyonal, rejonal e Kominotè yo patisipe nan pran bon jan desizyon k ap pote yon lavi miyò nan moman n ap viv koulyen ak tan k ap vini. Nan sans sa a, pou AG Kapab rezoud pwoblèm soudevlopman, move jesyon ak koripsyon nan byen piblik, demisyon popilasyon an, ansanm ak pwoblèm enkonpetans ki se yon kansè ak yon veritab antrav pou devlopman ekokomik e sosyal nan peyi a, AG bati pwogram li yo sou twa gwo priyorite ki se: (a) gouvènans lokal, (b) lidèchip lokal, (c) devlopman dirab. Twa eleman sa yo se twa pilye ki fòme misyon AG a. Pa gen dout ke pwojè ki ezikite sou twa pilye sa yo ka pote yon gwo chanjman nan kolektivite yo toupatou ann Ayiti.

LIDECHIP LOKAL

Lidèchip local: Objektif final Ayiti Gouvènans gen nan aktivite l ap antreprann depi yon bon bout tan ann Ayiti se bay lidè lokal yo tout bourad ki nesesè pou yo kapab bati avni kominote yo, depatman yo ak tout rès peyi a. Ayiti Gouvènans ankouraje ak apiye tout efò k ap fèt pou pèmèt chak lokalite nan peyi bay bon jan kalite lidè.

BON GOUVENANS

Bòn gouvènans ak move jesyon e koripsyon se lèt ak sitwon. Konsa, bon gouvènans se mwayen ki mete an plas pou pran desizyon ak ekzekite politik ki pran an konsiderasyon 8 gwo pwen ke n ap wè pi ba a (dapre UNESCAP). Pou Ayiti Gouvènans, bon gouvènans se pa sèlman responsablite gouvènman ak ofisyèl ki eli nan eleksyon, men se zafè tout sektè nan sosyete k ap pran desizyon nan fanmiy, nan lekòl, nan jaden, nan legliz, nan biznis, elt. Pa egzanp, si sosyete sivil la fèb, si li dezòganize, li toutafè nòmal pou pa gen bòn gouvènans nan enstitisyon piblik ak prive toupatou nan peyi a.

Si ou vle plis enfòmasyon sou jan AG wè kesyon bòn gouvènans lan, klike isit la>>>

DEVLOPMAN DIRAB

Tankou sa defini nan rapò ki pote non “Brundtlnad report”, devlopman dirab tradwi nesesite pou satisfè bezwen jenerasyon ka viv jodia san nou pa detwi kondisyon natirèl ki egziste yo pou pèmèt jenerasyon k ap vini yo satisfè bezwen pa yo. Konsa, AG kwè ke pou devlopman dirab la rive fèt vre, fòk li se yon developman lokal. Pou developman lokal la rive posib, fòk li se rezilta releksyon ak konsyantizasyon sou pwoblèm k ap maspinen kominite yo chak jou pi plis. Lè se kominote yo ki pran desizyon fè rechèch pou rezoud pwoblèm k ap toupizi yo, solysyon yo jwenn ap benefisyen jenerasyon an jenerasyon. Si ou vle plis enfòmasyon, klike isit la>>>

Si ou vle plis enfòmasyon sou jan AG wè kesyon devlopman dirab la, klike isit la>>>

Pou tout lòt pwogram AG yo, tankou EDIKASYON, PATISIPASYON FANM YO, SANTE.... klike isit la>>>

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
****19 Rue Godefroy, Delmas 33, Haiti (W.I.) Téléphone: 509-3600-1795**** © Ayiti Gouvènans