Paj Akèy Prezantasyon Pwogram Pwojè Albòm Foto Kontakte nou
Français
English
Ayiti Gouvènans: "Ede Kominote yo ede tèt yo"
Sitadèl Ayiti

 

Ayiti Gouvènans (AG) se yon òganizasyon non gouvènmental ki endepandan epi tou ki pa nan patipri. Nan mwa Janvye 2004, yon gwoup agwonòm, edikatè, enjenyè, administratè ak lòt Pwofesyonèl pran desizyon fonde òganizasyon sa apre anpil releksyon ak analiz sou kriz sosyal, ekonomik ak enviwonnmantal ki ap agrave chak jou pi plis toupatou ann Ayiti. Pou òganizasyon rive ede pèp ayisyen an fè yon chanjman an pwofondè, li pran desizyon kòmanse travay sa a ak 2 poto mitan: Bòn Gouvènans ak Devlopman Dirab. AG kwè lè nou rive mete bòn gouvènans ansanm ak developman dirab lap ban nou devlopman natif natal. Sa vle di se pèp la k ap rive pote solisyon ak pwoblèm k ap brase bil depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Yonn nan pi gwo objektif AG bay tèt li se sèvi ak fòmasyon ak edikasyon pou rive ede kominote yo ede tèt yo nan tout kwen peyi a. Pou AG rive akonpli misyon sa a, li melanje yon apwòch ki ankouraje patisipasyon aktif pandan ke l ap ede kominote yo jwenn zouti ak konesans ki nesesè pou yo ka idantifye yo menm rezon ki fè lavi a difisil pou yo konsa

Nan chèche pi bon fason pou adrese e rezoud kesyon anviwonman an kap degrade ansanm chak jou pi plis mele ak nesesite pou reòganize sistem gouvènman lokal yo ak òganizasyon nan tout peyi a, AG pran angajman pou l bay asistans ak tout òganizasyon kap chèche sipò teknik ak fòmasyon nesesè pou rive ka rive fè yon diferans nan zòn kote y ap travay. Pou rive rezoud pwoblèm ak kriz lamanjay ke Ayiti ap travèse depi twò lontan, AG konprann gen gwo gran nesesite pou gouvènman lokal yo travay men nan men ak tout òganizasyon nan zòn yo pou yo ka amelyore kondisyon lavi jenerasyon ayisyen jodia a ansanm ak sa kap vini demen yo.

Avèk yon pakèt pwogram mele ak pwojè solid sou kesyon devlopman dirab ak bon gouvènans, AG ap travay anpil pou ranfòse kapasite gouvènman lokal yo e bay jarèt ak òganizasyon kominotè yo. AG konstate pandan 50 lane ki pase yo, pèp ayisyen an pèdi konfyans nan gouvènman an ap responsab yo nan peyi a ki bay prèv yon a rezilta yo bay ki trenen peyi a nan labou. Rezilta akablan say yo konsekans move jesyon ak koripsyon nan sektè piblik e prive. Ayiti Gouvènans konstate tou ke kominote yo vin neglije tèt pa yo e menm sispann devlope kapasite yo genyen pou fè avanse pwodiksyon lokal yo. Konsa, popilasyon yo vin depann de èd etranje. Kalite mantalite sa a vin tounen gwo baryè ak antrav pou devlopman andojèn (devlopman natif natal) ak devlopman dirab ki nesesè pou peyi a. Pou chanje mòd panse sa yo ki rann moun yo ki se lèt ak sitwon ak devlopman e pwgrè ekonomik, AG dispose travay avèk popilasyon an nan ede moun jwenn fòmasyon ak konesans k ap pèmèt yo repran konfyan nan tèt yo. Paske AG kwè pa gen devlopman ki posib patisyon aktif popilasyon an.

VIZYON

Yon Ayiti kote tout Ayisyen rive satisfè tout bezwen fondamantal yo nan lapè ak lajistis; yon Ayiti kote dirijan ak sitwayen yo travay men nan men pou yo reyalize gwo pwogrè sosyal, ekonomik ak syantifik.

MISYON

Fè pwomosyon e bay fòmasyon  pou bon jan gouvènans, lidèchip lokal ak devlopman dirab toupatou  ann Ayiti.

PWOGRAM

AG bati pwogram li yo sou twa gwo priyorite ki se : (a) gouvènans lokal, (b) lidèchip lokal, (c) devlopman dirab. Twa eleman sa yo se twa pilye ki fòme misyon AG a. Pa gen dout ke pwojè ki ezikite sou twa pilye sa yo ka pote yon gwo chanjman nan kolektivite yo. Klike isit la pou plis enfamyon shou pwogram nou yo.

Filozofi devlopman Ayiti Gouvènans

Filozofi AG sou kesyon devlopman chita sou sajès ak panse gwo filozòf chinwa Lao Tseu: ”Lè yon moun grangou, montre-l peche olye ou ba li yon pwason. Sa vle di, si ou ba li yon pwason, lap manje pou yon jou ; men si ou montre l peche, lap genyen pou l chak jou».

Apwòch AG sou kesyon Fòmasyon

Apwòch Ayiti Gouvènans sou fòmasyon soti nan 2 pwovèb chinwa:  . « Lè m fini tande yon pawòl, gen anpil chans pou m bliye l; lè m wè yon bagay fèt devan , m sonje; men lè m pratike l, m aprann ». 2. « Si ou vle rezilta prese prese, plante di ri; si ou vle rezilta nan 10 zan, plante pye bwa; si ou vle rezilta pou lavi, bay popilasyon an fòmasyon ak edikasyon ».

Pou enfòmasyon sou objektif ak apwòch AG sou devlopman, klike isit la>>>

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
****19 Rue Godefroy, Delmas 33, Haiti (W.I.) Téléphone: 509-3600-1795**** © Ayiti Gouvènans