Paj Akèy Prezantasyon Pwogram Pwojè Albòm Foto Kontakte nou
Français
English
Ayiti Gouvènans: "Ede Kominote yo ede tèt yo"
Sitadèl Ayiti
Devlopman Dirab

 

Tankou sa defini nan rapò ki pote non “Brundtlnad report”, devlopman dirab tradwi nesesite pou satisfè bezwen jenerasyon ka viv jodia san nou pa detwi kondisyon natirèl ki egziste yo pou pèmèt jenerasyon k ap vini yo satisfè bezwen pa yo. Konsa, AG kwè ke pou devlopman dirab la rive fèt vre, fòk li se yon developman lokal. Pou developman lokal la rive posib, fòk li se rezilta releksyon ak konsyantizasyon sou pwoblèm k ap maspinen kominite yo chak jou pi plis. Lè se kominote yo ki pran desizyon fè rechèch pou rezoud pwoblèm k ap toupizi yo, solysyon yo jwenn ap akpab benefisye jenerasyon an jenerasyon.

Tout sa ki nan lanite fèt nan yon lòd; se tankou may yo nan you chenn. Si yon may nan chenn lan kase, li pap ka fonksyone. Se menm yon respè pou resous natirèl yo (pye bwa yo, bèt yo, sous dlo, rivyè yo, lanmè a, min yo) se yon obligasyon pou jenerasyon sa a. Si nou pa fè sa, n ap mete lavi nou ak lavi jenerasyon k ap vini yo an danje. Sa vle di avan nou fè yon aksyon fòk sitwayen yo ak enstitisyon yo gade pou nou ki konsekans l ap genyen nan ane k ap vini yo.
Poutan, sou tèt tout sa ki di deja yo, Ayiti Gouvènans kwè ke devlopman dirab la ap vin touen yon reyalite tout bon lè li se yon devlopman andojèn sa vle di rezilta efò natif natal ke popilasyon lokal yo devlope yo menm. Pwogram devlopman dirab la chita sou pwen sa yo:

Nan yon gwo rankont mondyal ki te fèt nan vil Jwanèsbouk, nan peyi Afrik di Sid, nan mwa Septanm 2002, Prezidan Fransè Jak Chirak deklare ke devlopman dirab la ka tounen yon reyalite a travè yon chanjman nan konpòtman tout sektèi yo (sitwayen, biznis, kolektivite teritoryal, gouvènman, ak òganizasyon entènasyonal yo) kap pèmèt lemonn fè fas ak defi e menas injistis sosyal, ak rechofman planet tè a. Sa vle di, reyalize devlopman dirab la, se rive konbine 3 faktè sa yo:

A travè pwogram devlopman dirab li genyen, objektif AG se ankadre gouvènman lokal yo ak kominote y ap sèvi yo nan efò k ap fèt pou rive kreye estrikti ak enfrastrikti pou:

a. satisfè bezwen moun k ap viv nan kominote yo, tankou:

b. amelyore fason ak kalite lavi moun ak kominote yo tankou:

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
****19 Rue Godefroy, Delmas 33, Haiti (W.I.) Téléphone: 509-3600-1795**** © Ayiti Gouvènans