Paj Akèy Prezantasyon Pwogram Pwojè Albòm Foto Kontakte nou
Français
English
Ayiti Gouvènans: "Ede Kominote yo ede tèt yo"
Sitadèl Ayiti
Bòn Gouvènans

 

Bòn gouvènans ak move jesyon e koripsyon se lèt ak sitwon. Konsa, bon gouvènans se mwayen ki mete an plas pou pran desizyon ak ekzekite politik ki pran an konsiderasyon 8 gwo pwen ke n ap wè pi ba a (dapre UNESCAP). Pou Ayiti Gouvènans, bon gouvènans se pa sèlman responsablite gouvènman ak ofisyèl ki eli nan eleksyon, men se zafè tout sektè nan sosyete k ap pran desizyon nan fanmiy, nan lekòl, nan jaden, nan legliz, nan biznis, elt. Pa egzanp, si sosyete sivil la fèb, si li dezòganize, li toutafè nòmal pou pa gen bòn gouvènans nan enstitisyon piblik ak prive toupatou nan peyi a.

Ayiti Gouvènans (AG) kwè ke bòn gouvènans chita nan patisipasyon, tèt ansanm, responsablite, transparans, (lè ou se dirijan, ou sipoze bay popilasyon), respekte mo lalwa, bay sèvis ak tout moun nan sosyete a, nan kominote san patipri. Anplis, bòn gouvènans pèmèt ke koripsyon ak malvèsayon nan jesyon byen piblik ak byen prive yo vole gagè. Nan kad bòn gouvènans onivo lokal, li enpòtan anpil pou dirijan yon ak lidè pran tout mayen posib e nesesè pou bay moun k ap viv nan vil yo ak nan zòn riral menn tretman ; an menn tan, li nesesè anpil pou reskonsab yo kontakte popilasyon anvan yo pran kèlkeswa dezisyon ki ka gen konsekans sou lavi moun yo k ap viv koulyen ak jenerasyon k ap vini yo. Finalman, bòn gouvènans se kapasite lidè yo ak sosyete a bay tèt yo pou reflechi, diskite, prevwa ak mete nan balans tout pwojè yo genyen avan yo rive pran yo desizyon.
Kòm nou te anonse li, gen 8 gwo pwen ki fondamantal nan bòn gouvènans :

A travè pwogram bon gouvènans li genyen, AG toujou ap chèhe ede kolektivite teritoryal ak lidè kominotè yo

 

 

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
****19 Rue Godefroy, Delmas 33, Haiti (W.I.) Téléphone: 509-3600-1795**** © Ayiti Gouvènans