
«Tout kondisyon reyini pou yon tèrib tranblemanntè rive nan Pòtoprens. Moun k ap viv nan kapital la dwe prepare yo pou katastwòf konsa ki gen pou l rive anvan lontan». Patrick Charles, ki gen 65 an, se ansyen pwofesè jeoloji nan Aván, di li se pa gen entensyon pou fè okenn moun panike. An men tan, sou kesyon tranbleman tè ki menase Pòtoprens lan, li te trè dirèk lè jounalis Le Matin an mande li opinyon li sou kesyon sa a. Mesye Patrick Charles reponn kesyon nou yo avèk detay ki chita sou rechèch syantifik. Dapre pwofesè a, danje a tou pre nou. Li di «mèsi Bondye ki mete aparèy syantifik nan men nou pou pèmèt nou wè jan de katastwòf sa yo alavans. Koulye a malè sa a ki pandye sou tèt nou an kapab rive nenpòt lè ».
Sa ki kapte atansyon nou se move nouvèl sa ke pwofesè Patrick Charles bay la, men se pito fèm konviksyon li sou kesyon tranblemann tè a nan Pòtoprens. Pou l fè konnen ke menas sa a se pa yon jwèt, li rale yon kat jewografi Karayib la ki montre avèk detay kote ki gen pou sibi tranblemanntè nan zòn la. « Kote Pòtoprens chita a, anba tè a fann depi soti anba Petyonvil pour rive jous Tibiron. Nan ane 1751 ak 1771, tranblemanntè detwi vil Tibiron 2 fwa. Pwofesè a fè konnen daprè tout enfòmasyon lasyans pèmèt jwen sou kesyon li pa gen dout ke tranblemanntè ap frape zòn sa yo ankò.
Enfòmasyon ak konesans syantifik pwofesè Patrick Charles rasanble sou kesyon sa nan 30 ane sot pase yo bay tout bon sitwayen anpil enkyetid. Pou demontre ke prediksyon li fè yo se pa pawòl anlè, li pran kòm egzanp ti kèk sekous ki te gen Pòtoprens nan jou pase. Sou kesyon sa a, li di : « Pandan semèn sa yo ki sot pase a tè a tranble plizyè fwa nan zòn kapital la. Soti premye pou rive 12 septanm, tè a tranble tou piti pandan 3 fwa nan Petonvil, Dèlma, Kwadèboukè ak Plèndikildesak. Enjenyè Dieusseul Anglade ki se Direktè biwo min ak enèji (BME) konfime deklarasyon Pwofesè Patrick Charles fè yo. Li di ke ti sekous sa bay kè sote. Leplisouvan, ti sekous sa se siy ki anonse pi gwo tranblemanntè ki nan wout.
Bondye fè se pa sèlman pwofesè Patrick Charles ki enterese ak sijè sa. Menas tranblemanntè nan Pòtoprens se yon kesyon k ap fè pale di koulye a menm. Nan jou ki sot pase yo gen apil nèg save ki byen plase ki t ap pale de sa. Yo tout dakò ke nan nenpòt moman yon gwo tranblemanntè ka redwi Pòtoprens an pousyè. Nan yon deklarasyon li fè nan laprès,direktè biwo min ak enèji di : « Pandan plis pase 200 an pa vrèman gen gwo tranblemanntè ki pase nan kapital la. Kanti enèji ak presyon gonfle anba frakti ki genyen aban Pòtoprens pandan tout ane sa ka fè yon tranblemanntè ki mezire 7.2 sou nechèl Ritcher a frape nou. Pito n pa pale de sa, nou pa bezwen panike ; men lè sa rive l ap yon gwo katastwòf san parèy ».
Mesye savan yo pale de pwoblèm tranblemanntè a byen klè. Plizyè fwa, yo avèti gouvènman an sou malè pandye sa a. Men otorite k ap gouvène peyi a pa pran okenn mezi ki nesesè. Anka yon tranblemanntè konsa ta frape kapital la, Pwofesè Charles di gen 2 sòt de katastwòf ki ka rive : lak Azwei a ap debòde epi l ap anvayi tout Plèn kildesak la ; Kanta Mòn Lopital, l ap fann an plizyè ti moso. Li di ankò: « kèlkeswa youn nan 2 bagay sa yo ki ta rive, l ap fè anpil destriksyon. Li trè posib pou bagay sa yo rive. Sa ki enpòtan koulye se pran yo seri mezi pou diminye dega yo. Pwofesè Charles di li pare pou l ede tout ayisyen poze aksyon nan sans sa a.
Devan yon menas konsa, otorite ki etabli pa vrèman pran okenn mezi. Bidonvilizasyon Mòn Lopital ak Laplen Kildesak, moun kontinye fouye min sab Laboul la san kontwòl. Men tou fòk nou pale de efò ap fè pou enstale aparèy nan tout peyi a pou mezire fòs sekous yo. Nap fè lektè nou yo sonje tout gen 2 frakti anba tè a ki travèse peyi a. Youn nan yo travèse zòn nò a ; lòt la travèse depatman lwès la ak tout zòn sid la. Tout depatman nou yo reyini kondisyon pou tranblemanntè ak sounami frape yo; se sèlamn depatman sant la ki gen pwoteksyon kont kalamite sa yo. « Otorite ki etabli dwe pran yon seri mezi rapid pou pwoteje yon seri de zòn ; menm si mezi sa yo enpopilè Konsekans 3 gwo siklòn yo ki sot ravaje peyi a mande nou louvri je. Pwofesè chal di : « n ap viv nan yon moman ki trè difisil; fòk nou aji vit. Koulye a se lè n ap kontwole. Pa gen anyen nou ka fè pou n anpeche sa rive. Nou dwe pase alaksyon pou n sove sa ki kapab sove ».
